top of page

Les  AXES de FONCTIONNEMENT 

ALFA : 
Komite Alfabtizasyon gen pou l
  • Resevwa fòmasyon Konn Tèt ou

  • patisipe nan tout aktivite WOTALFA ki se pwogram alfa FF moute ak Rotary Klib Ayiti yo.  Li fonksyone tout kote gen yon Klib pou sipèvize l. 

  • patisipe nan ekri liv alfa, korije teks,

  • ede moute ak sipevize sant alfa,

  • patisipe nan reyinyon wotalfa 3 fwa chak lannen,

  • sipèvize egzamen sant Alfa yo

  • sipòte aktivite Alfa yo tout jan tout tan

  • pwodwi rapò sou kijan sant yo ap mache

  • pwopoze non monitè ak patisipan ki merite mansyon espesyal.

     

FESAY : Fon Pou Ede Santnè Ayisyen Yo gen pou l :
  • Resevwa fòmasyon Konn Tèt ou

  • patispe nan identifye ak anrejistre moun ki gen syèk pase andedan sosyete nou an.

  • ranmase done sou lavi yo 

  • ranmase anba bouch yo koze nan domèn listwa, tradisyon, lasante…

  • idantifye moun ki ka gen gwo bezwen nan zafè lavi chak jou yo epi kijan FF ka ede yo.

  • vizite yo, bay yo ankourajman ak fete yon fwa chak lane.

JKT : Komite Jenn k ap Lite pou Demen Miyò Ayiti a gen pou l :
  • Resevwa fòmasyon Konn Tèt ou

  • Rankontre 2 fwa chak lane pou tabli kijan l ap mache epi ki sa l ap fè pou lane an

  • li gen pou l kreye yon rankont mansyèl pou yo li ak debat liv sou richès, pwospesite, abondans ansanm epi pou yo fè rapò sou kijan liv sa yo  ka ede amelyore lavi moun ak sosyete n ap viv kounye la a.

  • Fè yon aktivite piblik pou fè pwomosyon sa yo kwè ladan l lan chak lannen

  • Travay pou yo ka fè yon piblikasyon chak lannen

     

  • Resevwa fòmasyon Konn Tèt ou

  • Komite Koodinasyon ak Sipò FF se yon gwoup jenn volontè ki apiye Biwo FF lan epi asire fonksyònman administratif kontidyen FF annatandan FF ka jwenn mwayen pou l peye fonksyonè oswa jenn sa a ki vin genyen kalifikasyon ak konpetans FF bezwen yo, lèsa a ki kalifye pou l vini yon fonksyonè FF.

     

     

     

KOÒDINA: Komite administratif 
RISTORICH:Komite Rechèch pou Ranmase Richès Listwa ak Tradisyon n gen poul:
  • Resevwa fòmasyon Konn Tèt ou

  • Fè rechèch tout tan.

  • Konnen tout pèsonay listwa ki ekspoze nan sal ekspozisyon FF

  • aprann gide moun ki vin vizite sal FF yo

  • konnen tout flayè FF pwodwi pou l ka konnen kisa pou l bay vizite ak moun ki mande enfòmasyon sou FF ak aktivite l yo

  • pwopoze pwodiksyon rezilta rechech yo sou tout

  • patisipe nan idantifye liv bibliyotek FF dwe ajoute

  • ale reprezante FF nan konferans epi pwodwi yon rapò sou konferans yo

     

     

RSL :Komite Rankont Sou Listwa gen pou l :
  • Resevwa fòmasyon Konn Tèt ou

  • Rankontre 1 fwa chak lannen pou l tabli pwogram lane a

  • Rankontre 1 fwa chak lane pou l revize pwogram lannen an

  • li tabli lis envite epi ekri lèt ouswa imel envitasyon pou chak envite

  • li rele envite yo 2 semenn anvan epi 1 semenn anvan vizit lan

  • li mande chak envite pou l kite teks li pataje ak asanble FF lan

  • li mande envite a yon nòt biyografik ki rantre nan dosye FF

  • li prepare yon nòt mèsi pou chak envite ouswa moun ki vin fè yon demonstrasyon

  • lè FF toujou kreye mwayen pou ofri chak entèvenan yon kado.

  • li remèt chak entèvenan kado li.

  • li kontwole kòb asanble a kontribye nan chak RSL epi li depoze l labank

  • Siyatè yo ka siyen pou tire kòb sou kont sa a lè yon aktivite FF mande sa

  • nenpòt ki manm komite a ka fè depo epi tounen kanè nan FF.

     

bottom of page